Click here to read this page in English.
Haga clic aquí para leer esta página en español.
Nou mande ou ranpli sondaj kout nou an ki gen 7 kesyon pou nou konprann pi byen eksperyans ou avèk chalè akablan lakay ou. Sondaj sa a ap pran apeprè 5 minit pou reponn li.
Ete pwochen, n ap òganize yon pwojè pou nou mezire eksperyans chalè nan kay. Patisipan yo pral jwenn yon konpansasyon $100 poutèt yo pataje istwa yo sou chalè, epi yo akeyi yon kaptè chalè lakay yo. Si ou ta vle aprann plis sou fason pou ou patisipe, tanpri bay non ou ak enfòmasyon pou kontakte ou nan dènye kesyon an nan sondaj la. Ou bay enfòmasyon kontak ou si ou vle, epi ou ka reponn lòt kesyon yo nan sondaj la kanmenm san ou pa reponn kesyon sa a.
Ou reponn sondaj la volontèman. Pa gen okenn konsekans negatif si ou pa vle reponn li. Si ou mete enfòmasyon pou kontakte ou, n ap voye de imèl ba ou tou ki gen resous sou fason pou jere chalè ak gwo fado enèji lakay ou. Epitou, repons ou yo pral ede gide nouvo Gwoup Travay pou Chalè Konte Miami Dade la pou yo devlope pwogram onivo lokal anrapò ak chalè. Otreman, ou pa pral benefisye dirèkteman akòz patisipasyon ou nan etid rechèch sa a.
Si ou kòmanse sondaj la, ou ka toujou chanje lide epi sispann nenpòt lè. Pa gen okenn risk nan reponn sondaj la. Repons ou yo pral rete sekrè epi pwoteje sou sèvè University of Miami. Se sèlman ekip rechèch la nan University of Miami ak Catalyst Miami ki pral gen aksè nan repons ou yo. Yo pa pral pataje non ou ak enfòmasyon kontak avèk okenn lòt pati.
Si ou gen nenpòt kesyon oswa enkyetid konsènan rechèch la, tanpri pa ezite kontakte Lynée Turek-Hankins (University of Miami – lturek@miami.edu) oswa Natalia Brown (Catalyst Miami – nataliab@catalystmiami.org). Si ou gen kesyon konsènan dwa ou antanke patisipan nan yon rechèch, kontakte University of Miami, Human Subject Research Office nan hsro@miami.edu oswa (305) 243-3195.
Lè ou soumèt repons ou yo, sa vle di ou aksepte pou ou patisipe nan sondaj rechèch sa a.
Copyright: 2025 University of Miami. All Rights Reserved.
Emergency Information
Privacy Statement & Legal Notices
Individuals with disabilities who experience any technology-based barriers accessing University websites can submit details to our online form.